Si engredyan prensipal la pa bon, soup la ap pa bon tou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon chen ki kite yo mare l merite pou yo bat li.
Moun ki twò bon an se yon moun sòt. Souvan moun konfonn jantiyès ak sòt.
Kiryozite ak kalomnye se marasa.
Mwen pa ta prete w madanm mwen, kidonk mwen p ap prete w sakado mwen an.
Avan ou kritike yon moun pou fason l fòk ou kwè fason w ap mennen kò w lan bon nèt ale.
Yon moun yo konnen ki visye epi k ap yeye yon bagay kel renmen yo pa bal siveye l.
Trè malad vle di pa lanmò. "Prèske mouri vle di pa mouri." oubyen "Sou pwen lanmò vle di pa lanmò."
Anvan te gen mayi, makak yo te antann yo menm jan an.
Sa ki nan men ou se sa ki pou ou. "Zwazo nan men vo de nan raje."
Bon kòk la soti nan batay la