Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki panse jijman Bondye twò long epi k ap chaje jistis nan men lèzòm.
Kamarad ka fè yo pann ou. "Yo ka pann ou poutèt zanmi."
Gen chans sou tè a pa vle di ale nan syèl.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Si se pou ou tout bagay...
Lè gen traka mizè ak soufrans pa gen fèt pa gen griyen dan.
Yon bagay ki pa bon pou yon moun konnen byen li pa bon pou lòt la tou.
Ki sousi pis la genyen ak chen an k ap mouri grangou!
Foli ka pran tout fòm. Moun ka aji irasyonèlman nan plizyè fason.