Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Mèt kay la dòmi deyò.
Yon moun ki renmen yon bagay se posib l ap bal plis enpòtans sanmank jouk tan malè rivel.
Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?
Se sèlman soulye ki konnen si chosèt yo gen twou. Se sèlman moun ki pi pwòch nou ki konnen vrè feblès nou. "Se lanmè a sèlman ki konnen fon bato a." Pwovèb afriken.
Jan ou fè pou lòt moun, se konsa lòt moun va fè pou ou.
Yon sèl moun pa janm fè tripotaj/pale moun mal. "Pa gen tripotaj ak yon sèl moun."
Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.
Pa gen omelet san ou pa kase ze yo. Ou pa ka fè yon omelet san ou pa kase kèk ze.
Bouch la deplase, grangou a diminye.