Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè w ap tann soupe lakay yon zanmi, ou pral kouche ta.
Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.
Ou itilize grès ou genyen an lè tout afè w epuize.
Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.
Se mouch tafan an ki pran avantaj sou arenyen an. Yon ensèk touye yon lòt.
Manje l oubyen si se pa sa!
Ou dwe toujou tande konsèy moun ki pi gran pase w.
Kote ki gen lafimen, gen dife.
Lè yon moun anvi depanse se pa volè men sa ka fè l gen anpil dèt.