Yon fwa ou mòde l, ou timid de fwa.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: Rele chyen papa pou zo
Sa pa gade m' pou kont mwen.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.
Gen kèk kotew rive fòk ou respekte prinsip yo ke w vle l ke w pa vle l.
Se pou w montre enpòtans fanmi menm si fanmi an gen pwoblèm ou ta dwe rekonsilye.
Baton ki bat chen nwa a, l ap bat chen blan an tou. Menm lalwa a aplike pou tout moun. Jistis avèg. Jistis se yon kouto de bò.
Gade pa avèg ou.
Yon moun ki antre nan yon bagay li pa t dwe antre epi li pran nan zatrap nigo.
Sa pa sifi - Ou dwe pwouve sa nan yon batay kòk.
Lè jeyan an tonbe, tout moun vini pou pwofite.
Bwete se pa menm bagay ak tonbe.
Lè w pa gen gran mwayen ou pa nan fè grandizè ou viv selon meziw genyen.