Sa ki rive kodenn lan kapab rive kòk la tou. “Sa ki rive m nan ka rive w tou.” Sa ki frape nèg sòt la kapab frape nèg entelijan an tou. Koukouloukou = 'kodenn/moun sòt' & kakalanga = 'kòk/moun entelijan'.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Li pi bon pou ou rete yon ti moun lakay ou pase pou ou rete yon grannèg lakay yon lòt moun.
Pòv yo pi ensolan pase rich yo.
"Byen ka soti nan mal, e mal ka soti nan byen tou."
Yon gason ki gen timoun pa ta dwe pran twòp risk.
Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?
Lè lapli tonbe, li tonbe anpil.
Ou pa kapab chanje ni voye jete moun pa w pou yon lòt moun.
Dòmi ak = rete tou pre.
Si timoun malad la bezwen kriye chèche èd, li chita sou papòt la kote yo sèten pou yo wè li.
var: Gwo non tiye (touye) ti chyen.