Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nonm sa a pi rèd/pi difisil pase yon kouto de bò.
Yon moun ki te byen ak yon moun lontan epi ki vin gate zanmi avel pou l vin fè yon nouvo.
Moun pòv yo ka bay sèlman ak kè yo.
Se sèlman soulye ki konnen si chosèt yo gen twou. Se sèlman moun ki pi pwòch nou ki konnen vrè feblès nou. "Se lanmè a sèlman ki konnen fon bato a." Pwovèb afriken.
Ou pa ka mezire gason ak yon règ.
var: Bon kè krab fè l san tèt. ent: Yon moun ki twò onnèt (ki bay san limit) ka mouri pòv. <br>par: Se bon kè krapo ki fè l san tèt.
Yon kote ou gen respè osinon yo ta fè w malonèt se la malè rive epi w pa jwenn mwayen pou sòti.
Konsèy moun sòt yo souvan bon, men nou pa sòt jan ou panse a.
Yon bon aksyon pa pou gremesi.