Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Si ou gen yon sous k ap ba ou dlo, ou pa koupe pye bwa kote l

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5354 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi

Yon moun ki gen lakrentif pou Jewova fè l konfyans nan tout bagay, E sa ap yon pwoteksyon pou pitit li.  Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi. Pwovèb 14:26, 27, Labib, Tradiksyon Monn Nouvo

Kannari pa sous si ou pa mete ou pa jwenn

Gwo po dlo a pa yon sous. Lajan pa pouse nan pyebwa.

Kanari pa sous

Lè yon moun ap plede fouye men l nan yon bagay detanzantan gen yon jou l ap fini kanmenm.

Lè ou ap bwè nan you sous, pa chye ladan l

Lè w ap bwè nan yon sous, pa evakye/pa fè dezyèm bagay la ladan l.

Si ou gen yon sous k ap ba ou dlo, ou pa koupe pye bwa kote l

Si ou gen yon sous/rivyè k ap ba ou dlo, ou pa koupe pyebwa ki bò kote l yo.

Se kan sous seche, yo konnen sa li vo

Lè sous la seche, y'a konnen valè dlo.

Lè ou bwè nan sous, pa kaka ladann

Si ou gen yon sous k ap ba ou dlo, ou pa koupe pyebwa kote l