Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sèvis prese, patat pa gen po

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5245 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

A vòt sèvis se lizaj

Lè yon moun ap bay yon moun yon bagay li itilize pawòl sa ak lè yon moun chich w ap egzòtel.

Sèvis prese, patat pa gen po

Lè yon moun vrèman grangou , li manje po patat la ak tout.

Sa ki rann sèvis, resevwa sèvis

Moun ki fè favè resevwa favè.

Rann sèvis bay chagren

Yon moun k ap ede yon lòt epi sa pase mal pou moun k ap rann sèvis la.

Pèsonn pa kab nan sèvis ka de mèt

Pèsonn pa ka sèvi de mèt.

Sèvis ranvwaye ranje moun touni

Seremoni ranvwaye a ranje moun ki toutouni/ki pa gen anyen pou l mete a.

Rann sèvis kapab ba maldo

Fò w byen ak kouto anvan zabriko mi

Chèche byen ak moun avan ou bezwen sèvis li se pa lè w bezwen sèvis li ou bezwen byen avè l.