Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou pèdi bagay, ou peche. "Lè ou pèdi bagay, ou gen anpil chans pou ou akize yon moun fo."
Yon moun ki gen pwoblèm pa anpeche lòt moun kontinye chimen l kòm sa dwa.
Yon moun ki montre l gwo nèg sèlman lè l nan katye lakay li osinon lè l nan bann li.
Ou pa menm ka kenbe pitimi.
Bonè pi enpòtan pase richès.
Lè m ba w ou dwe ban m tou; lè m rann ou yon sèvis ou dwe rann mw sevis tou.
Jiman yo fè poulen pou yo pataje chay la.
Si yon moun fin siyen yon kontra ak ou ou dwe respekte kontra sa kout ke kout.
Chak chèf gouvènman, ajans, elatriye, pote pwòp pèp li a, zanmi li yo, moun li renmen.
Lavi a di ou: "Ann ale"; men ou pa konnen ki kote l ap mennen ou.
Kabrit la manje kann lan, men ti leza a mouri.