Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se paske li twò awogan kifè koulèv la oblije trennen kò l sou vant li.
Fè yon diskisyon, regle yon diskisyon.
Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.
Doulè règ yo se pa doulè akouchman.
Moun ki toujou panse sa ki mal souvan nan erè. Pa fè tout moun konfyans.
Lè ou oblije tann soupe ta lakay yon zanmi, ou al dòmi ta.
Sa ki rive kodenn lan kapab rive kòk la tou. “Sa ki rive m nan ka rive w tou.” Sa ki frape nèg sòt la kapab frape nèg entelijan an tou. Koukouloukou = 'kodenn/moun sòt' & kakalanga = 'kòk/moun entelijan'.