"Kite moun sòt yo kontinye pale anpil; moun ki saj yo konnen konesans gen yon pri."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè w ap souzestime yon moun lè w kwèl pa anyen lè yo vle fè w kwè li se kichòy yo di w pawòl sa.
Matla a te di plis pase sa, epi li te kite matla pay la monte/pran avantaj sou li. "Moun, pi bon pase ou, te oblije aksepte sa yo pa renmen."
Pye bannann lan se metrès van an, lè li soufle li kouche.
Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lòt fòk ou fè afè w byen.
Yon moun pa janm ka gen twòp konesans.
Lè afè w pa bon pa gen fè entèresan ki nan fè chwa bagay ki bèl.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Fè komisyon pou yon lòt moun se pa yon chay/responsablite.
Pa pote chabon nan Newcastle.
Bon moman pa paradi.
Lè yon moun derefize pran yon bagay nan men yon lòt se pa move bagay li fè.