Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou dwe respekte moun k ap ede w menm si w gen ti pwoblèm.
Lè w bare ou gen pwoblèm moun ki ka ede w la se li ki domine paske tout moun gen bezwen l.
Tounsòl la vire ak solèy la, men li pa yon giwot .
Prepare davans.
Bèt ki pote kabwèt yo pa konnen sa k ap pase nan labatwa a.
Se lè boutèy la plen, bouchon an jwenn/ resevwa /goute likid la. Se sèlman lè moun rich ak moun ki gen pouvwa yo jwenn tout sa yo vle, pòv yo jwenn yon ti kras tou.
Tout moun gen yon chans. Solèy la klere ni sou rich ni sou pòv.
Yon fou lacho se pa lanfè. Bagay yo ka difisil, men yo pa pi mal posib.