Gen kèk bagay menm si w ekzije moun nan fè l li pap janm fè l li ka wè li enposib nan jan li konprann bagay yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun pòv yo pa gen chans pou yo malad.
Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.
Jou gwo dife a , w ap wè konbyen fatra ki nan yon kay.
Pou chak moun selon mwayen li.
Yon doktè pa ka trete tèt li. Èd mityèl se yon nesesite. - Aristide. Resipwosite se yon nesesite. - Aristide. Nou bezwen youn lòt.
Avèg la di ou l ap ba ou yon kou ak yon wòch; si l pa nan men l, se anba pye l li ye.
Yon figi dezagreyab pa anpeche yon kò byen fòme.
Anpil moun jwenn avantaj ki pa t destine pou yo.
Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Yon moun ki pa gen ase e ki ap envite lòt moun nan ti kras li genyen an.