Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
solana
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Gen limit ou dwe pran ak yon moun menm si w ap jwe ak li ou dwe pran prekosyon.
Ou dwe konnen ki kote ou pral rive la. Gen objektif klè.
Selèbrite fè chwal la pèdi vrè valè li.
Manje/grenn ou pa renmen manje a, se sa ki pouse nan jaden ou. "Sa ou pa ka sipòte wè a se sa k ap pase lakay ou."
Bouch la manje tout manje, men bouch la pa di tout mo. "Bouch la ka manje tout bagay men li pa fèt pou di anyen."
Si rosinol la te konnen sa malfini an fè l lè li kenbe l, li t ap kite ti pipirit la bat li an jwèt.
Bondye se pa moun.
Pantalon zanmi ou yo p'ap janm kouvri toutouni ou. Pa konte sou zanmi ou yo pou kouvri feblès ou yo.