Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon jèn fi kòmanse ap balanse kò l, mesye yo kòmanse dèyè l.
Tan pa tann pèsonn.
Nonm sa a pi rèd/pi difisil pase yon kouto de bò.
Enk…?
Ede tèt ou ; Bondye ap ede ou.
Yon kou sipriz ka fè w pè, li p ap touye w.
Yon moun ki twò welele ki soumoun ki prèt pou mele zaf ki pa regadel.
Yon moun ki bezwen gen bon bagay li ta dwe depanse anpil pou l ka jwenn sal ta bezwen an.
Gout lawouze yo pa pèl.
Ou ka pataje bon moman yo lè bourik ranni, men ou pa la pou move moman yo.