Mouch la pa vle/li pa bezwen vyann nan, men li gate l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki fome yon moun moun nan pa ta dwe mete nan tèt li pi entelijan pase moun ki fòmel la.
Ou pa ka kenbe yon bon moun atè.
Sa moun nan fè kont moun li pa renmen kapab rive moun li renmen an tou.
Le w pa jwenn sa ou bezwenn ou pran sa w jwenn kit bon ou pa bon.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.
Fè yon bagay touswit - se tan olye de plas ki enpòtan isit la - RD.
Lè yon moun devan yon sitiyasyon ki difisil epi li kwè kanmenm pwoblèm nan ka rezoud menm si li pa wè kote li ap pase.