Creole101 Logo

Haitian Creole Proverbs

Creole Proverbs

Over 6,000 Haitian Creole proverbs with explanations and translations in 4 languages. Each visit highlights the most popular sayings along with fresh ones to explore.

Rayi granpapa ou ak grann ou, men konnen se yo ki fè ou la

Haitian Creole Proverbs Proverb #4419 Creole101
🧩 Proverbs in the same theme

Other Haitian Creole proverbs similar to the one above.

Rayi chyen, men di dan li blan

Lè yon moun konn abitye fè kèk bagay ki bon se pa lè l ap fè bagay ki pa bon pou nou ap kritikel.

Nèg renmen bannann; yo pa rayi pen

Paske yon moun renmen yon bagay pa vle di li rayi yon lòt.

Baryè ou rayi; se la solèy kouche ou

Pòtay ou pa renmen/rayi pase a - se la solèy la kouche sou ou pou fòse ou pase kanmenm. "Ou pase nan pòtay sa a lajounen san pwoblèm. Lannwit, ou pa vle pase ladan l poutèt zonbi ki la a." oubyen "Laplipa tan, sa ou pa renmen an ap rive ou."

Rayi moun, men pa ba yo panyen pou charye dlo

Ou ka rayi yon moun, men pa fòse l twòp .

Baryè w rayi se la solèy kouche w

Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.

Depi nan Ginen nèg rayi nèg

Depi nan Gine, nonm nwa a rayi nonm nwa a. "Yo te vann frè yo kòm esklav." Depi nan tan lontan,

Se pa tout chyen ki rayi Bouki

Se pa tout pyebwa ki rayi Bouki