Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Twòp ri fè moun kriye.
Pou montre pa gen anyen lajan pa kapab fè men sou gen lajan tout bagay posib.
Devan pòtay moun ou te twonpe yo a se egzakteman kote chwal ou a kraze, epi ou bezwen èd yo.
Se lè ou pote chay la poukont ou ou dekouvri kijan chay la lou.
Ti branch/branch ou pa wè a, se li menm ki fouye nan/kape je ou a.
Jwe ak makak la, men pa manyen/touche ke l.
Mèt kay la dòmi deyò.