Ou montre/anseye makak la kijan pou l voye wòch, premye moun li kase tèt la, se ou menm. Yo vire konesans ou te ba yo a kont ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou dwe eseye konnen chemen an anvan ou pran wout la. Si ou pa planifye, ou planifye pou ou echwe.
sote sou
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Krab wòch la rete nan twou li - li trè pridan.
Twòp pwofi fè yon twou nan sak lajan an.
Ou bezwen pasyans pou mete yon mizo sou yon chat. Pasyans enpòtan anpil nan sitiyasyon difisil.
Pa gen lapriyè ki pa gen "Amèn" li. Gen yon fen pou tout bagay.
Yon moun montre plezi li nan fason li konnen pi byen.
Yon moun fè yon bagay se yon lòt ki peyel pou li ou sibi chòk yon bagay pou yon lòt moun.