Pen sèlman se pa manje.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèlkeswa jan ou bon, ap toujou gen youn ki pi bon pase ou.
Chen an brav devan pòt mèt li.
Yon moun ki gen yon ti kapasite epi ki fè gwo bagay ak sa ki nan men li.
Yon moun ki te gen fòs kon maladi frapel li pa ka fè sal te konn fè ankò.
Se pa tout Chanm Depite ki pral vote yon kado nasyonal.
Bouch moun k'ap flate moun se tankou yon tonm ki louvri.
Fè yon gwo demonstrasyon pa fè ou onorab.
Li pi bon pou ou rete yon ti moun lakay ou pase pou ou rete yon grannèg lakay yon lòt moun.
Yon moun osinon yon bagay ou wè ki bèl anpil konn anpil fwa yon pyèj.
Ti kochon, ti san. "Ti kapasite, ti espwa." Ti kochon, ti pwofi. A chacun selon. sesyon mwayen . Nan men chak moun selon mwayen li.
Marye ak pasyon se foli; marye ak foli se foli.
Yon kalòt yon fanm p'ap touye ou.