Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun k ap viv menm kote epi k ap met tout kaka chat deyò osinon k ap taye zèb anba pye moun ki menm kote ak li.
Yon moun ki gen lakrentif pou Jewova fè l konfyans nan tout bagay, E sa ap yon pwoteksyon pou pitit li. Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi. Pwovèb 14:26, 27, Labib, Tradiksyon Monn Nouvo
Si krapo a te bon vyann, li pa t ap mouri bò lanmè a.
Yon moun pa dwe vante tèt li menm lè l konnen li pa kapab.
Moun ki manje sèl ap mande dlo pou l bwè.
Moun ki pwomèt bliye, moun ki tann sonje.
Yon moun ki gen gwo pouvwa sal fè pa gen moun ki ka kontraryel.
Si ou gen yon bagay, ou pa gen yon lòt.
Pòv vizite rich, rich pa vizite pòv. Moun ki nan bezwen, al jwenn moun ki genyen. Ti nonm lan al lakay gran nonm lan. "Pa gen sèlman de fanmi sou latè: moun ki genyen ak moun ki pa genyen." Sancho Panza .