Pa pote chabon nan Newcastle.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa gen yon moun ki ta vle reyisi pou l pa jwenn difikite sou wout la.
Chak bagay nan moman li. Pran bagay yo etap pa etap.
Ti branch/branch ou pa wè a, se li menm ki fouye nan/kape je ou a.
Vrè lanmou pa bay detay enpòtans. Lanmou avèg. Ki moun ki bay sa enpòtans si li vyèj ou pa!
Si ou chita ou tande; si ou mache ou ap wè.
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Labou glise, men solèy la seche l.
Si ou gade sa poul la manje, ou p ap manje poul la.