Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon djondjon pouse kote li vle, menm anba nich poul nan yon pyebwa.
Timoun ki gen kè sote a kriye de fwa.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Pou montre pouvwa lajan pa pi wo pase pouvwa Bondye.
Se lè li sanble lapli ap tonbe ou wè arenyen yo tise twal yo.
Sa ta vle di pou pa gen paspouki met bagay la jan l ye nan bon timamit.
Lajan fè nonm.
Jan w sèvi ak mwen k ap montre ki jan poum sèvi ak ou tou.
Yon bon poul fè yon bon ti poul; yon bon kòk fè yon bon ze pou fè yon bon ti poul.
Yon moun kab fè malelve menm lè l nan lasosyete.
Lè yo pa konnen ou, w'ap jis gaspiye tan ou.