Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa kite yon moun ki grangou divize manje a.
Yon moun ki pran desizyon e ki derefize pou pa ta rive tounen sou desizyonl.
Si ou vle bon bagay nan lavi a, ou dwe merite yo.
Lè yon moun ap fè devwa li chak jou, li fini ak sa l ap fè a. Ou gen pou w bite yon jou oswa yon jou.
Pa touche nèg k ap naje/benyen nan gwo dlo/dlo fò. "Fè atansyon ak gason ki gen koneksyon nan gwo pozisyon."
Lè moun nan ap vann ou li vann ou avek souri lè l ap mande kòb la dis min mare nan fwonl.
Chaj ou prepare pou bèlmè ou/bèlmè ou a, se manman w ki pote l. "Twou ou fouye pou bèlmè ou a, manman w ap tonbe ladan l."