Avèg la di ou l ap ba ou yon kou ak yon wòch; si l pa nan men l, se anba pye l li ye.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou dwe gade pye bourik la anvan ou chaje l. Konsidere kapasite yon moun anvan ou ba li travay.
Pik vèt la fouye twou a, epi se ti leza a ki benefisye.
Lè yon moun se yon moun ki renmen fè grandizè, sa pa vle di li merite onè.
ponpadò = obstine
Pawòl pa gen pwa.
Yon moun ou konnen kijan l te ye menm si l chanje pozisyon li posib pou l rete jan l te ye a oubyen moun nan toujou sonje pase li.
Pran yon bagay pou yon lòt longan gri = konpoze mèki pou touye pou krab
Jou a/Lè ou pare, ou pa rankontre ak bèlmè ou.
Sa fè konprann veye ti fi andan kay sa pa ditou fasil.
Yon moun k ap soufri se li ki santi soufrans la poukont li.