Yon. moun ki renmen fè dèt li nan tribinal pou dèt si l jwenn prete l ap prete ankò.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Jou ti poul la pi kontan, se jou poul la malfini an pran l. "Lè w pi kontan , yon malè ap rive w."
Pastè a ap danse, men l ap veye sou/anba sak zepòl li. "Chak fwa pastè/prèt la ap travay, l ap panse ak salè li."
Pi move peyi a se kote ou pa gen zanmi.
Yon moun dwe konnen kijan pou l kenbe plas li. Pa eseye monte pi wo pase pozisyon li nan lavi a.
Se tankou lè w kite kay la ak kadav la pou w vin kriye nan zòn fèt la.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Chèche epi w ap jwenn.
Lè w poko fini yon bagay nèt al kole pa prese bat bravo ak bay felisitasyon.
Lanvi pou lò transfòme anpil moun an bèt.
Se pwòp bagay ou yo ki di ou verite a. "Ou ka konte sèlman sou sa ki pou ou." Se ou menm sèl ki konnen sa ki bon pou ou.