Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ou sonje pi souvan lenmi ou pase zanmi ou

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3749 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Fòk ou sonje premye grenn lapli ki te leve mayi a

Ou dwe sonje premye gout lapli ki te fè mayi a jèmen. Sonje kote tout bagay te kòmanse.

Sonje premye lapli ki te fè mayi leve

Sonje premye lapli a ki te fè mayi yo leve. “Ou panse ou pa bezwen m jodi a; sonje mwen te ede w rive kote w ye a.”

Wè jodi men sonje denmen

Gade jodi a, men sonje demen ap vini.

Bay kou bliye, pote mak sonje

Lè yon moun fè w yon bagay li pa toujou fasil pou bliye.

Moun ki sonje bliye, sonje

Moun ki sonje pou yo bliye, se yo menm ki sonje.

Lè ou kontre zo nan gran chemen, sonje se vyann ki te kouvri li

Wè jodi a, men sonje denmen

Yon moun ou egzote pou l ka panse ak bagay ki gen pou vini yo.

Sonje lapli ki fè mayi ou pouse

Sonje lapli ki te fè mayi ou grandi. Se pou ou rekonesan.