Pou montre gen nèg ki santil pa alèz ak yon bagay poutan pwoblèm nan pa nan bagay la.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout enprimant ki konn li.
Chat la mande pou l swe; ou mete chen an dèyè l. "Si ou vle l rèd, w ap jwenn li."
Lè yon moun gen bon konprann li pi bon pase moun k ap pran devan nan sa yo ta dwe reyalize.
Ti bèf ou retire nan labou a, se li menm k ap goumen avè w. Fè yon nèg yon favè, li p ap janm padone w.
Lè w apiye sou fanm, fanm tankou pyebwa pouri.
Yon moun ki fenyan gen bagay ou pa antre ladann.
Verite a chita nan fon pi a. ...difisil pou wè/jwenn.
Y'a rekonèt lyon an ak grif li.
Lè yon moun gen yon malè rivel li pa konn kileès ki la koz epi moun ki te fel la vle di se li menm ki te koze sa.
Bèf ki monte larivyè a bwè dlo ki pi pwòp.