Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa abandone fanmi ak zanmi pou moun ou pa konnen.
Se kabann nan ki konnen do fanm nan.
Se pa tout komisyon ki ka chanje biwo ladwàn nan.
Se sa ou vrèman genyen an ki konte , pa repitasyon sa ou genyen an.
Gade l byen anvan ou manje l. Atansyon.
"Mwatye kwit sove sitiyasyon an; "Byen kwit" fè ou mouri/peri grangou ." "Mwatye kwit" ede; "Byen kwit" pèmèt mouri.
Prese pou pibliye pa vle di ou pral vin popilè demen.
Pale franse ou a pa fè m pè. Pale byen bèl pa vle di gen bon konprann.
ent: enpridans var: lè, lò [ r ]
Yon moun ki konn abitye fè bon bagay men moun li fè yo pa fè l menm jan avè l se menm jan tou yon manman ak yon papa ki fè pitit ki pa gen menm santiman avèk yo.
Yo pa ka achte yon moso manman nan mache a. Lanmou manman pa pou vann.