Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki kwè lè w mete anpil ti bagay ansanm sa fè w ka gen yon bagay ke w pa t menm espere.
Povrete- kondisyon fè cheval angle a pote yon sak pay chaje. Povrete- kondisyon fè cheval angle a pote yon sak pay chaje. "Lè tout bagay ap mache mal, ou fè sa ou pa janm renmen fè."
Filyeul la mouri, marenn lan fini. Relasyon an fini.
Ti pil/ pil apre ti pil/pil, fè yon chaj.
Lè yon moun gen bon konprann li pi bon pase moun k ap pran devan nan sa yo ta dwe reyalize.
Nesesite se manman envansyon.
Lè w konnen ou pral nan yon sityasyon ki ap gen danje li ta pi bon pou chache yon bagay ki pou soutni w.
Yon moun ki manke pran nan yon gwo bagay se posib li ka tonbe nan menm bagay la ankò.
Moun ki dòmi avèk Jan se li ki konnen ronflman Jan.
Yon moun k ap fè w peye yon bagay san ou pa santi sa fè w peye dèt ou yo yon lòt jan.
Sa ou renmen nan yon liv se pwòp refleksyon ou. Sa ou renmen nan yon liv se tèt ou.
Pou egzote yon moun k ap sevi mal ak timoun. osinon pou pa ta pini yon timoun pou nenpot ti bagay li fe.