Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Moun ki vle fè byen toujou kontrarye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3305 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Moun lespri pa viv si pa gen moun sòt

Li pran tout kalite... Moun entelijan pa t ap genyen l fasil konsa si se pa t pou moun sòt.

Gen moun ak moun

Moun pa tout menm. Rekonèt divèsite nan nati imen an

Pa gad sam fè pou di w fè l tou

Yon moun pa dwe gade sou moun ni fè sa moun fè chak moun gen yon moun pa l andanl.

Nèg fè, nèg defè

Sa yon moun fè, yon lòt moun ka defèt li. Yon maji yon moun fè ka kontrekare pa yon lòt moun. Sa yon politisyen fè, yon lòt moun ka fè l.

Rad pa fè moun

Lè yon moun byen abiye sa pa vle di li se yon moun serye pou sa.

Kasav kanni bon pou moun kay

Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.

Tout moun ki pa gen anyen se moun chich

Yon moun ki ta renmen bay yon bagay epi l pa kapab pou l pa montre sa fèlmal li itilize pawòl sa.

Pa gen moun ki ka taye palto sou dom

Yon moun ki dekouvri yon twou manti epi l ap defann li devan tout moun se lè sa ou itilize mo sa.