Lè ou kout, sa pa vle di ou mwens gason.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ekspresyon vizaj yon moun lè w ap achte a pa menm ak lè w ap peye.
Bon kòk la soti nan batay la
Bagay prive se prive.
Sa montre konn gen ti pwoblèm ant moun ki byen anpil . Yo toujou pa antann yo.
Lè bagay yo ap mache mal, menm ti bagay ka fè ou mal. Yon malè pa janm vini san yon lòt.
Pantalon zanmi ou yo p'ap janm kouvri toutouni ou. Pa konte sou zanmi ou yo pou kouvri feblès ou yo.
Sa trase yon posibilite dyalog pou moun k ap diskite pa fè kont youn dwe pale ak lòt.
var: a) Kouto sèl ki konn sa k nan kè yanm. b) Sa k nan kè yanm se kouto k konnen l.
Ou ka twonpe jèn moun ki pa gen eksperyans, men ou pa ka twonpe granmoun ki gen bab yo.
Moun ki foure nen yo nan zafè lòt moun toujou la.
Yo pa adore anyen lòt ke solèy k ap leve a.
Se pa toujou vandè a ki fè pwofi a.
Ou ranmase tout enfomasyon ki posib avan ou pran desizyon e avan ou pran yon chemen ou pa konprann.
Sa Bondye ba ou, ou dwe aksepte l.