Fason ou prezante tèt ou kòm yon moun ki amikal pi enpòtan pase ran.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Aprè yon yon moun fin genyen yon bagay li pap janm twò difisil pou li.
W a sibi konsekans move frekantasyon w fè.
Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.
Lespri a vole, kò a trennen.
Moun ki kenbe kiyè an bwa a, se li menm ki konnen si l cho. “Se mwen menm ki responsab la; se mwen menm ki dwe di w ki chay ki sou do m.”
Yon kalbas kouvri yon lòt kalbas. Menm jan ak " Kwi " kouvri kwi "; moun souvan pwoteje oswa kouvri lòt moun ki sanble ak yo
Si krab pa deplase epi manje, yo p ap janm vin gwo.
Yon moun ou konnen kijan l te ye menm si l chanje pozisyon li posib pou l rete jan l te ye a oubyen moun nan toujou sonje pase li.