Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lè ou gen jaden ou ki lwen, manje ou pa gaspiye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2660 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Manje ou pa ka manje, se li k donnen nan jaden ou

Manje/grenn ou pa renmen manje a, se sa ki pouse nan jaden ou. "Sa ou pa ka sipòte wè a se sa k ap pase lakay ou."

Jaden lwen, gonbo gate

Tank yon bagay lwen je, se tank li jwenn mwens swen.

Jaden bare pou cheval,

Ou pa dwe kwè w byen asire anyen mal pa kapab rivew.gen kèk bagay je pa ba w ni konesans ou.

Jaden lwen, gonbo di

Lwen je, lwen lespri. Nou sèlman bay bon swen ak moun ak bagay nou reyèlman wè chak jou.

Jaden lwen gonbo di

Lè yon moun lwen ou e ke li difisil pou reyalize pwojè nou te genyen yo.

Solèy leve nan jaden grannèg ak malere

Sa montre Bondye renmen tout moun. san distenksyon.

Zèb ou pa vle nan jaden ou, se li ki pouse lakay ou

Move zèb ou pa vle nan jaden ou an, se li k ap pouse lakay ou.

Kabrit fin manje jaden; apre ou al rele bare

Fèmen pòt etab la apre yo fin vòlè bèf la.