Di m ki moun ou te konn frekante; m ap di w ki moun ou ye.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Plis pawòl la gaye, se plis li vin bèl, egzajere.
Se sèl espektak ki genyen nan vil la..
Pa touche nèg k ap naje/benyen nan gwo dlo/dlo fò. "Fè atansyon ak gason ki gen koneksyon nan gwo pozisyon."
Pèsepsyon kiltirèl ; Fanm mèg pa gen valè.
Pa mache ap fè sa lòt moun ap fè sèlman.
Sa ta vle di moun k ap fè byen ak ou ou dwe fè byen ak li tou pou ta ka ankourajel nan sa l ap fè a.
Mezi yon moun genyen ou dwe chache viv ak li san ou pa chache viv pi wo pase fòs ou.
Bouch la kreye yon dèt, se dèyè a ki peye l. "Si ou pale twòp, dèyè w ap peye."
Lè pa gen yon orè fiks, gen konfizyon.
Yo te konn toujou manje aran ak bannann ansanm. Pa janm youn san lòt.