Yon moun ki abitye fè yon bagay depil kwense l ap degajel kanmenm.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.<br />exe: Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. 'Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay'. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li." "
Kèlkeswa sa ou fè, gen yon limit.
Ou dwe fè atansyon ak sa w ap di si ou vle kenbe zanmi. Diskresyon enpòtan nan amitye.
Ranje kabann ou anvan dòmi antre nan je ou.
Fanm ak rat, se menm bagay la, yo trayi/yo se trèt.
Bab la pi long, men sousi a pi gran.
Yon moun k ap viv avek ou sou po se pote ale pote vini.
Ou ta dwe lave twal sal lakay ou.
Moun k ap mache lannwit lan, se li menm k ap rankontre ak dyab la. "Se ou menm ki responsab pou mete tèt ou nan pwoblèm." Si w ap mande pwoblèm, w ap jwenn pwoblèm.
Se Bondye ki bay timoun.