Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Bare isit, pase lòt bò

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #237 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Jaden bare pou cheval,

Ou pa dwe kwè w byen asire anyen mal pa kapab rivew.gen kèk bagay je pa ba w ni konesans ou.

Nan piwèt, lougawou kite jou bare l

Lè moun gen yon lè pou l fè yon bagay nan fè lòt aktivite li pèdi randevoul osinon li rive anreta.

Lavalas bare kouran

Difikilte ki ta ka anpeche yon moun al pou pi devan.

Mizè bare bourik, li kouri pase cheval

Se nan chemen jennen yo kenbe cheval malen

Se nan yon chemen etwat ou bare yon chwal mechan/anmèdan. Se yon vòlè ki bare yon vòlè .

Bèl fanm kan ou gen lajan pa di bokou; se kan mizè bare ou, ou konnen sa li vo

Pa kite kochon a kwòk bare ou nan chimen jennen

Lamizè bare bourik, li kouri pase cheval