Travay ekip
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen kek kote depi ale a fòk ou asepte kèk kondisyon paske se la pou pa t la depi w la ou antò.
Kreyòl pale se kreyòl konprann. Kreyòl vle di pale kare.
Sa ki soti nan dyab la, se dyab la li tounen.
Lè ou gen chans nan mond sa a, sa pa vle di ou pral nan paradi nan lòt mond lan.
Mo yo gen pye zèl. Pawòl la vwayaje vit.
Nan zòn kote gran nèg ap regle bagay li yon ti malere pa dwe foure kò li.
Ou montre/anseye makak la kijan pou l voye wòch, premye moun li kase tèt la, se ou menm. Yo vire konesans ou te ba yo a kont ou.
Chodyè a rele chodyè a nwa.
Meprize moun pa anpeche yo meprize ou tou. Ou ka jwenn arogan tou.