Pi bon gadkò pou ou se je a.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou gen bosu nan do ou pa vle di ou dwe pote yon sakado.
Bouch granmoun nan gen move sant, men pawòl li yo pa gen okenn sant.
Pa rejwi pou pwoblèm mwen yo jodi a, demen w'ap gen pwòp pwoblèm pa ou.
Se pik nan kwizin nan ki di m kijan manje a ye nan kay prensipal la. " Kwizin nan di m davans sa m pral manje sou tab la."
Ane ki sot pase a toujou pi bon. Zèb la toujou pi vèt lòt bò a.
Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lot fok ou pran anpil prekosyon pou sa pa ta fet.
Anpil moun viktim nan bagay yo pratike chak jou. Anpil moun viktim nan travay yo, oswa nan vis ke yo genyen
Lè yon moun vrèman grangou , li manje po patat la ak tout.
Bon aksyon nou yo vire kont nou.
Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.