Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa vle di se manman ki pran swen pitit gason pa kapab fè tout bagay manman ka fè.
Gadmanje Bondye a toujou plen vyann. Pwovidans diven an abondan.
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Pran yon bwè, men omwen mete veso a nan plas li.
Moun ki pa gen konfyans sou zanmi ki lwen lè l vin jwenn ak ou l ap resevwa w ak kè kontan.
Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.
Pou montre grangou se yon bagay ki di anpil.
Lè yon moun byen abiye sa pa vle di li se yon moun serye pou sa.
Si ou pa gen yon kadna pou kenbe bouch ou fèmen, ranpli l ak dlo.
Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Yon enpòtans yon tit yon non yo bay yon moun ki pa sanble ak li.
Yon moun ki met konfyans nan yon bagay li pran echèk. Yon lòt moun k ap panse itilize pwovèb sa lè moun nan fin pran echèk la.