Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè krapo a ap kwaze, se pa paske vant li plen, se jis pou fatige zòrèy ou.
Nonm bèbè a/sòt la kwit/bouyi aran sale; li mete sèl ladan l.
Yon moun ki abitye fè yon bagay depil kwense l ap degajel kanmenm.
Moun ou ede soti nan mizè nan traka se li ki konn leve kont ou.
Yon moun oblije fè konsesyon.
Gen chans sou tè a pa vle di ale nan syèl.
Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.
Fason Tyèn ranje kabann li an se konsa Nicholas pral fè lanmou avè l - se li ki fikse règ yo. RD.
"Zafè kabrit se pa zafè chen." Zafè yon moun se pa zafè pèsonn lòt.
Ti branch/branch ou pa wè a, se li menm ki pèse/pete je ou a.