Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou ou bon nèt se yon bagay estipid.
Lè ou rive yon kote, ou danse tankou tout moun fè. Lè ou nan lavil Wòm, fè tankou Women yo.
Se toujou sou chen mèg yo wè pis.
Yon atis san zouti pa ka travay.
Gras a diri a, ti wòch la rive manje grès. Anpil moun jwenn avantaj ki pa t pou yo.
Se lè ou malad pou ou konnen si ou gen zanmi.
Lajan pale.
Lè w konnen ou pral nan yon sityasyon ki ap gen danje li ta pi bon pou chache yon bagay ki pou soutni w.