Si rosinol la te konnen sa malfini an fè l lè li kenbe l, li t ap kite ti pipirit la bat li an jwèt.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout moun ki pale nan sosyete an.
Moun ki genyen l ap toujou genyen menm si lavil tou prè pou fini.
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Kabrit la di: Kite sa ki gen janm kout yo pran devan. Pa fè nou pèdi tan.
Yon moun ki kwè l asire pendan tan sa ènmi l ap devore l.
Pa chanje yon vye chodyè serye pou yon nouvo.
Mennen yon koulèv lekòl se pa anyen: se fè l chita ki difisil/difisil. "Mennen koulèv la lekòl fasil, men se mete l chita ki pwoblèm nan." Teyori se yon bagay, reyalite se yon lòt. Planifikasyon fasil, pratik pa fasil.
Pran prekosyon lè w ap viv ak moun ki renmen pini e kritike.
Ou rekòlte jan ou simen.
Fasil vini, fasil ale. Pa gen anyen nou akeri ki vo plis pou nou pase sa li te koute nou.
Yon moun ou wè tout kote men ki pa fè tout bagay.
Yon moun ki konn abitye fè yon bagay menm si l gen lontan pa fè l li pa fasil pou l bliye sal te konn fè a.