Lè ou oblije tann soupe ta lakay yon zanmi, ou al dòmi ta.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou pa dwe fè plizyè travay an menm tan.
Yon moun w ap depanse pou li chak jou li ta bon pou ta montre l ki jan pou l fè lajan li menm.
Chen an, ki anvi pran premye kou a, li pran kou/baton an. Si w twò prese, ou pral blese.
Yon moun ki kwè yon lòt moun ka di yon koze osinon yon moun ki kwè pa gen anyen l pou l pa ta di.
Yon moun ki pase yon kote epi li kite lòt moun ap pale de li.
Chans fini, magouy kòmanse.
Bagay ki rive yon lòt ka rivew tou pa kritike l pou sa k rivel la.
Chen oblije kaka, gason fò tou.
Yon moun ki fè jouk tan li jwenn ak move bagay ki pa kapab sipote.
Yon pye rapid ka sove mèt li.
Si ou vle ale nan yon fèt chouèt [ ki manje bèt pwofon ] ap fè, ou pral oblije manje fimye kay. Tonton Liben 19.