Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
ent: Fòk ou viv ak yon moun pou konnen l (fen e byen).
Bwa a gen zòrèy—sa ki ladan l se moun.
Se pwòp bagay ou yo ki di ou verite a. "Ou ka konte sèlman sou sa ki pou ou." Se ou menm sèl ki konnen sa ki bon pou ou.
Ou pa janm konnen ki kote dlo pase pou l antre/kijan dlo rive nan kann nan. Gen anpil bagay ou panse ki enposib men ki pa enposib.
Sousi yo te la anvan bab la, men bab la vin blan anvan.
Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.
Si ou te tande ti moun ap pale, ou ta panse yo se jeyan.
Yon bon ti dòmi fè ou bliye tout enkyetid.
Dlo lacho a blan, men se pa lèt. "Tout moun ki sanble ak zanmi pa nesesèman zanmi."
Sa ki bon pou zwa a pa nesesèman bon pou jars la.