Li pa gen pwoblèm pou vòlè, men pa pran bal pou ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.<br />exe: Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. 'Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay'. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li." "
Yon nèg ki twò byen abiye pa kapab fè travay di.
Lè yon moun timoun radi se fwèt ki ka fè l vin miyò ke jan l te ye a.
Lè ou gen chans nan mond sa a, sa pa vle di ou pral nan paradi nan lòt mond lan.
Montre bèl dan pa vle di/di yon zanmi.
Avèk benefis yo, ou dwe aksepte responsablite yo.
Se pa lè, lè yon moun ap nwaye, pou ou montre l kijan pou l naje.
Chat la konnen, rat la konnen; barik mayi a rete la. Lè youn ap veye lòt la, pa gen anyen ki vòlè. Pa mande, pa di.
Gade jodi a, men sonje demen ap vini.