Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki renmen bat kòl se posib pou pa jwenn anyen ditou nan fè anbisyon.
“Toujou gen yon chemen pou soti!” Pa gen maladi san remèd li.
Remèd pou move timoun nan, se switch la.
Si w sere yon maladi w genyen, oswa yon pwoblèm ou genyen, ou pap ka jwenn remèd.
Se lè ou pase maladi, ou konnen medikaman an. Lè ou fin malad, ou konnen remèd la.
ent: Granmoun bay bon konsèy. <br>par: Konsèy granmoun se longan.
Lè yon moun timoun radi se fwèt ki ka fè l vin miyò ke jan l te ye a.
Koute se yon bon remèd pou kò a.
Aux grands maux , les grands remèdes . Gwo bezwen mande gwo remèd.
Gwo mal mande gwo remèd. Pwoblèm grav mande solisyon enpòtan.
Repo se pi bon remèd la.
Koute se yon remèd rapid, tann se yon pwosesis ki pran tan.
Gen yon remèd pou tout bagay eksepte lanmò. Chak pwoblèm gen yon solisyon eksepte lanmò.
Pa okipe nèg sa a; kochon an fin manje santiman/respekte pwòp tèt li nan yon po bannann. "Nèg sa a pa gen remèd." oubyen "Bliye nèg sa a, li san espwa."