Komisyon an fè pye ou repoze, men li pa fè kè ou kontan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Toutotan yon moun ap viv li poko mouri li gen espwa yon jou sa va mache yon jou byen pou li.
Se lè ou pote chay la poukont ou ou dekouvri kijan chay la lou.
De towo bèf pa rete nan menm patiraj.
Vanite - li pa gen chemiz esansyèl ki t ap byen kouvri kò l, li vle pantalon pito. Li mete plis fron pase bagay nesesè yo.
Lè m ba w ou dwe ban m tou; lè m rann ou yon sèvis ou dwe rann mw sevis tou.
Ki sa Bondye bay grangou yon chen?
Pèsonn pa konnen sa k ap pase lakay lòt moun.
Pye kokoye yo bay fwi, kidonk yo mwens an danje pou yo koupe pase pye palmis.
Se dapre sa moun ki piti a manje a ou ka distenge moun ki gwo manjè a.
Lang ou pa lanmè a, men li ka nwaye ou.