Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Aparans kapab twonpe moun
Lè w nan mitan bourik, ou pote chay yo.
De mesye tranpe anba lapli; gen youn ki nan pi move sitiyasyon. Malè frape chak moun yon fason diferan.
Se lè la fanmi fin jwen ak moun pa w jwenn se lè sa w ka bay moun ki deyò yon kichòy si se posib.
Si ou chita ap gade, sa yo ba ou a, se pou ou vale li.
Ou vin chache m, oubyen m ap vin rele w. Ou pa wè youn san lòt [meyè zanmi].
Nèg sòt la monte chwal li a bak. "Li konnen sa l ap fè."
Yon kalòt yon fanm p'ap touye ou.
Menm si kodenn nan mens, li pa dòmi sou yon tij pitimi/mayi. Li pa konfòtab; epi li ta kraze anba pwa li.
Twa jou sanble youn ak lòt, men yo pa menm bagay.
Tank ou viv pi lontan, se tank ou gen plis lespri.